17 January 2010
Discusses difficulties and successes of rescue efforts in Haiti
Deklarasyon devan laprès, Pòtoprens, Ayiti
Hillary Rodham Clinton, Sekretè Deta
Pòtoprens, Ayiti
16 janvye 2010
SEKRETÈ CLINTON: Nou konsantre sou pote èd ak asistans imanitè, dlo, manje, swen doktè bay moun kap soufri yo. Nap travay tou ak Gouvènman Ayisyen an pou kontinye sove moun ki kapab sove yo.
Gen prèske 30 ekip ki soti toupatou sou latè kap travay kounye a pou sove moun ki vivan toujou yo. Pi gwo kantite moun ekip amerikèn yo sove yo se ayisyen yo ye. Prezidan Préval fèk rankontre yon mesye ki reyisi rete vivan pandan tout jou sa yo, e nou trè – senk jou. E nou gen anpil gratitid pou lavi sa a ki sove an.
Nou pale de priyorite yo; se remete sou pye kominikasyon, kouran elektrik, ak transpò. E nou mete nou dakò pou nou kolabore etwatman pou nou reyalize tout travay sa yo.
Mwen fyè anpil de travay Anbasad Amerikèn nou an fè, USAID nou an, Ajans pou Devlòpman Entènatsyonal, pou militè nou yo, e pou tout gwoup nan sektè prive an ak sitwayen, gwoupman legliz ki isit ann Ayiti kap kolabore ak pèp ayisyen an.
Mwen vle adrese m dirèkteman bay pèp ayisyen an atravè medya ayisyen yo. Nou isit la sou envitasyon gouvènman ayisyen an pou ede nou. Menm jan Prezidan Obama te di a, nap prezan isit jodi a, demen epi pou tan kap vini yo. E pou mwen pale pou tèt pam, mwen konnen jan Ayisyen kapab reziste devan nenpòt difikilte e jan yo gen anpil fòs karaktè. Nou pase yon moman la a ki terib anpil. Men mwen si e sèten, nan lavni, Ayiti pral kanpe ankò, pi fò e pi bon pase jan l te ye anvan. Mèsi.
KESYON: (An fransè)
SEKRETÈ CLINTON: Gen tèlman bagay ki pou fèt, e se pou sa Prezidan Préval ak mwenmenm nou pral pibliye yon kominike ke nou toulede pral siyen – yo pral tradwi li nan tout lang ki nesesè yo – pou tabli entansyon nou pou nou travay ansanm. E anpil nan travay ki pral gen pou fèt la se pou rekonstwi ak remete sou pye.
KESYON: (An franse)
KESYON: Èske nou kapab atann nou a plis pase $100 milyon dola, Madam Sekretè?
KESYON: Madam Sekretè, etan done –
KESYON: Èske yo pran ase dispozisyon pou yo garati lajan an ap depanse jan li fèt pou depanse?
SEKRETÈ CLINTON: Wi. (Pa ka tande) yon ansanm regleman debaz moun pral gen pou yo respekte. Jan ou kapab konnen petèt, nou te deja gen yon kolaborasyon trè pwòch ak Gouvènman Ayisyen an anvan dram sa a e nou te deja dakò sou anpil kesyon ki te bezwen yon solisyon pou asistans la livre nòmalman, e nou pral kontinye travay nan menm sans sa a.
KESYON: Mèsi.